Ayiti epi Kesyon Biodiesel

Entèvyu  avek Yves-Andre Wainwright
Ansyen Minis pou Anviwonman
19 Fevrye 2008

Biofuels te nan nouvo anpil semen pase, espesyalman Ozetazini. Ki sa ou panse sou efò pou fè biodiesel an Ayiti?  

Preyèman, nou kapab di pa genyen bon teknoloji ou byen move teknoloji. Se pratik balanse  ki kapab detèmine tout bagay, ki bi ou vle atenn lè ou pral sèvi avek teknoloji sa a avek kouman wap realize sa a epi kiyes ki benefisye lè ou itilize l. Nou oblije souliye ajenda  administrasyon Ameriken ki genyen yon regleman ki se, fè pwomosyon pou sivansyon ki sponsorize pa gwo konpayi Ameriken epi ki ap genyen yon enpak negativ sou sekirite alimentè nan tout mond la, epi efò pou konbat povrete an Ayiti epi lòt peyi k ap devlope.

Dezyeman, an Ayiti nou genyen yon pwoblem paske popilasyon an depann de chabon oubyen bwa pou kwit manje. Mikro-endistri tankou boulanje epi “dry cleaning” depann tou souyon gwo kantite bwa. Klèman nou bezwen resous altènativ e nou bezwen pi vit posib. Nou pa kapab jwen solisyon avek resous  (Fossil fuels) selman nan mache etranje a ; nou bezwen plizyè kalite opòtinite pou moun yo.

Plant ki pwodwi lwil pou biofuel se youn nan altènativ yo. Genyen plizyè aspe  positiv sou kesyon sa a: n ap pale sou yon pwodwi ki kapab renouvle paske ou kapab koleksyone l san ou pa bezwen koupe pyebwa. Genyen plezyè zonn, kote sòl la degrade net, ni jatropha,ni koton epi kek lòt plant tankou benzolive (bendolive, doliv) kapab grandi. Nan sitiasyon sa, plant sa yo kapab bay yon sous ekonomik pou peyizan nan zon ki pi degrade yo.

Ayiti bezwen yon strateji ki kapab balanse bezwen nou genyen pou enèji avek bezwen pou manje. Nou dwe mete plis efò nan teknoloji ki kapab ede moun itilize lwil plant ke yo pwodwi yo mem; yon egzanp se www.jatropha.de ki bay detay sou yon model fou ki itilize lwil jatropha. Moun kapab pwodwi biofuel yo mem epi li se yon resous ki renouvlab epi ou kapab sèvi avek li nan kominote riral avek ti vil pwovens.

Yon lòt fason pou itilize lwil plant se sou plen deyò Gonayiv kote moun itilize pump yo pou fè irigasyon. Se yo gwo pwoblem pou yo achte gaz (diesel) pou opere pump yo, men si kominote yo kapab prepare yon rezèv biofuel pou komansman sezon agrikol la, sa kapab ede yo anpil. Men nou pa kapab di nap vini otonòm, men yon ti rezèv biofuel kapab soulaje pressyon ekonomik yo lè yo bezwen komanse fè irigasyon nan jaden yo.

Ki plan gouvènman Ayisyen genyen pou biodiesel kounyeya?

Ayiti bezwen itilize atansyon si yo vle fè gwo pwomosyon pou biodiesel ou byen pou di nou kapab pwodwi ase pou bezwen nou pou nou ka di nap vinn otonòm sou kesyon gaz pou kouran ou byen gaz pou machinn , paske sa kapab genyen yo enpak ki terib pou pwodiksyon manje. Malerezman, andan ministri pou Agrikilti, Anviwonman avek Komès, genyen minis kote yo chak  reprezante diferant parti politik , epi y ap goumen pou finansman epi pou jere pwoje biofuel nan peyi a. Y ap goumen lè yo sipoze sipòte yon lòt.

Nou pral genyen yon premyè pwoje avek finansman USAID (Agence pou Devlopman Entènasyonal Ozetazini) epi Bank Intèameriken pou Devlopman) nan zon Mònwi. Yo pral kiltive jatropha epi yon otel nan zonn nan gen tan deja planifiye pou achte lwil pou li kapab genyen tit “zanmi anviwonman”.

Mwen okouran de yon gwoup moun ki fe envestisman ki enterese pou yo ta bati avek opere yon faktori ki pwodwi biodiesel an Ayiti. Genyen nan gwoup moun sa yo ki entyèman Ayisyan. Epi genyen lòt gwoup tou ki totalman domine pa kob oubyen kapital etranje. Yo tout ap tann modod ki ap soti ozetazini sou kesyon, regleman avek mezi ekonomik, espesyalman lè gen ti pale ak ti mouvman ki kapab dikte eske etazini panse se yon bagay ki vo la pèn pou kontribye nan rediksyon tarif enèji yon peyi ki nan mi sesyon. Yon lòt siyal yap tann tou se eske etazini ap konsidere sèvi avek pwodiksyon biodiesel renouwab kom yon zouti pou konbat lamizè nan riral yo. Fok nou mansyone tou 2 objektiv sa yo diferan e yo kapab pwodwi divès strateji sa kapab mete aksan sou sektè byen distinge nan sosyete a. Bon, bagay sa yo pral afekte pri kiltivatè a vann spekilatè a epi tou sa pral afekte pri pwodwi final la.

Jen bagay yo ap deroule la, Mwen panse nou rate tren an oubyen bato a men nou pran youn ki prale nan direksyon opoze a. Mwen sijere tout òganizasyon anviwonmantal ak bayè de fon pou yo konsantre ak sipòte patenaria ant univèsite avek moun nan shop metalik lokal epi avek òganizasyon peyzan sou yon fokis pou mete sou pye oubyen fè disponib teknoloji ak pwosesis ki pral benefisye fanmi epi ti biznis ki ap fonksyone nan mache lokal la olye de nap chèche teknoloji grandyoz ki ap toujou bezwen sipò oubyen envestisman ki soti nan lòt peyi.

Eske li pran anpil tan pou komanse pwodwi lwil jatropha?

Apre yon ane edmi ou kapab komanse kolekte semans, epi apre kat an wap jwen yon pwodiksyon konplè. Li posib pou plante mayi avek jatropha nan mem jaden, epi nou pa kapab konsidere jatropha koton, moringa epi nenpòt lòt plant ke yo itilize pou pwodwi lwil kom resous,  tankou yon monokilti. Li konbat erozyon sòl men nou kapab wè li tankou yon akonpayman teknik pou plante lòt kilti nan sistèm agwoforè a.

Ekse genyen moun ki opoze biodiesel an Ayiti?

Genyen kek moun kap pataje konsèn yo genyen sou enpak li pral genyen sou zafè sekirite alimentè a, men sa ki nesesè a se jwen yon balans. Dekrè, plan travay pou jere anviwonman ke gouvenman interim te adopte a te fè l preske obligatwa pou fè yon etid sou enpak pou nenpòt kalite tip gwo pwojè. Mwen rete kwè avek kalite konsyantizasyon piblik e tou avek patisipasyon ki nesesè pou jan de pwosesis, nou kapab di li kreye yon sityasyon ki benefisyè ni pou popilasyon kounye  ni pou pitit pitit nou yo.

Franchman jen administrasyon Ozetazini ap jere sijè sa a se yon bagay kap kreye dezas pou nou, lè ou konsidere entèkoneksyon ki ekziste nan mod ekonomik jodi sila, epi lap vini yon dezas pou yo tou. Kom mwen te di avan nou pa kapab onore yon sistèm teknolojik avek abi ki ap pase nan yon sistèm ekonomik ki domine pa kek grenn moun oubyen konpani ki fokis sou selman kou tèm benefis finansyè. Solisyon se bati altènativ nou men se gade aprè yo.